Le Podcast De Ford

Social Media diminye nan konesans anpil jèn Ayisyen. Diminisyon savwa sa afekte direkteman Ayiti

Informações:

Sinopsis

Akoz rezo sosyal ki vin popilè anpil kay Ayisyen sitou jèn yo, sa vin kreye yon parès kay jèn Ayisyen yo pou yo aprann, fòme tèt yo, kreye devlope kapasite Entèlektyèl yo. Depi Facebook Tiktok Instagram X vin popilè, anpil Ayisyen pa li liv ankò, yo pa al nan bibliyotèk ankò, yo pa fè rechèch aprofondi ankò, yo pa memorize anyen ankò, yo pa aprann lojisyèl enfòmatik ankò, yo preske pa chita devan yon òdinaté ankò. Sèl sa yo bezwen e swete se yon telefòn entèlizan ki ka fè foto ak video ki genyen aksè a internet. Nivo Entèlektyèl Ayisyen bese anpil sa ki koz yo pa pare Entèlektyèlman palan pou ede peyi, pou travay nan yon antrepriz, pou inove envante. Ak social media tout jèn fanm kou jèn gason tounen jounalis animatè prezantatè. Tout moun gen emisyon tout gen show live. Sèl Sak pale nan (show) sa yo se sèks, lajan, oryantasyon seksyèl. Se blag ki plus fèt. Yo atire anpil moun a yo. Sa ki koz tout moun kap pale yon bagay serye, kap pataje konesans ki ka itil moun a peyi, tout moun abandone yo pa koute yo e dè